Nouvo santral elektrik Pòdpè a ki poko menm inogire atake e sabote

1,480

08/16/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan lanwit 13 out 2021, nouvo Santral Elektrik Pòdpè a ki se inisyatif ansyen pwezidan Jovenel Moise, atake e sabote anba grif sangwen anti-chanjman ki pa idantifyàb, dapwè yon tweet ki soti nan direksyon jeneral enstitisyon an.

 Plizyè sitwàyen nan site Kapwà Lamò a estime se iritan pou yon seri malad mantal vle kontinye ap viv nan dekou ou eta pwimitif toujou.

Vòlè yo pran plizyè batri detache ak lòt materyèl ki te asosye avèk fonksyònman motè yo nan Santral la. Plizyè kritik panse, se jwèt vòlè ki santi yo pi konfòtab nan opere nan fè nwà; lòt moun estime se konfyolo kèk segman nan opozisyon an kap fè kòt maltaye pou akize e mete gadyen espas la nan show paske li te deside ofwi tèren pou konstriksyon Santral Elektrik la.

Paralèlman, Michel Présumé ki se Alatèt jeneral EDH, egzije otorite lajistis ansanm ak lapolis nan Pòdpè pou chèche konnen ki yès ki dèyè yon parèy zak malonèt san pèdi tan. Sepandan, plizyè sitwàyen nan vil Pòdpè pwofite e denonse atitid responsab TPTC ak EDH kap voye flè nan neglije yon seri pwojè nan vil la depi lanmò pwezidan Jovenel Moise la.

Yo lonje dwàt jouda sou Michel Présumé ak Enjenyè TPTC a Angelot Horacius ki ta sanble soti pou voye nan kwen yon seri pwojè ki te deja anmàch pou Nòdwès, dapwè kèk sitwàyen ki tap pwoteste nan espas travo piblik la.

Nap raple, nan kàd chèche konnen otè yon parèy krim, gadyen santral la te arete e ta pràl libere kèk èd tan apwè, dapwè yon repòtè TRiboLAND.

Comments are closed.