Nòdwès : PNH raple polisye yo sou règ disiplin konsènan aparans fizik

212
0
Share:
TRiboLAND

02/09/2026

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan Nòdwès la pibliye, lendi 9 fevriye 2026, yon nòt rapèl pou fè tout polisye nan depatman an sonje obligasyon yo genyen pou respekte règ disiplin ki gen rapò ak aparans fizik ak fason yo abiye an inifòm.

Daprè dokiman an, ki baze sou atik 6.16 Manyèl Règleman Disiplin Jeneral PNH la, tout polisye, kèlkeswa grad ak inite yo fè pati, gen obligasyon pou :koupe cheve yo, koupe bab yo, epi sispann mete foula oswa bonnè ansanm ak inifòm ofisyèl PNH la.

Direksyon Depatmantal la fè konnen mezi sa yo vize ranfòse disiplin, inifòmite ak imaj pwofesyonèl enstitisyon an, pandan lapolis ap kontinye goumen pou sekirite popilasyon an.

Nan menm nòt la, responsab polis la avèti klèman ke nenpòt polisye ki pa respekte dispozisyon sa yo ap sibi sanksyon disiplinè ak tout dènye rigè, jan règ entèn PNH la prevwa sa.

Nòt rapèl la pote siyati Komisè Divizyonè Fred Joseph, Direktè Depatmantal PNH la nan Nòdwès, epi ki deja antre an aplikasyon depi piblikasyon li.

Plizyè obsèvatè konsidere rapèl sa a kòm yon etap nan efò otorite polis yo pou ranfòse lòd, disiplin ak kredibilite lapolis, espesyalman nan yon kontèks kote sekirite piblik la rete yon gwo defi pou peyi a. Pandan sèten polisye gen bouch lonje parapò ak yon tèl desizyon. ‎

Share:

Leave a reply