Anpil moun ap plenyen pou kòripsyon, alòske yon krèy enstitisyon prive pa sispan koupe kou paran ak frè eskolarite initil

277

10\08\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Anpil paran chomè pèmanan ap mande jous ki bò mechanste yon seri direktè lekòl ap rive; malgre goud la kap deplimen dola, dirèktè lekòl prive yo pa sispan poze zak mafya nan moute pri eskolarite tout kalite san fwa ni lwa anba je mouche leta.

Sa enstitisyon eskolè prive sa yo ap reproche leta a, se li menm ke yo ap pratike chak jou atravè yon seri tarif mèt dam ki pa sispan moute tèt nèg. Ogmantasyon tarif tankou mansyalite, frè pou rantre ou enskripsyon, frè pou gradyasyon, frè pou tout yon seri eleman bidon ki pa gen anyen pou wè avèk akademik.

Se yon veritab krim ou kòripsyon kote ke anpil nan swa dizan responsab kap plenyen pou kòripsyon yo ap souse manmèl bèf la nan fè mache nwa ak mete kouto anba kou malere. Nan yon nòt ke Direksyon Lekòl Enfimyè Misyon Bon Samariten Intènasyonal voye bay paran pou ane akademik 2016-2020 yo, responsab enstitisyon sa gentan manche li pou al deplimen paran yo atravè seremoni gradyasyon kap fèt 17 janvye 2021 nan Karibe Hotel. Frè kotizasyon sa elve a $500 dola us; yon montan ki dwe depoze sou yon kont BNC avan 16 novanm pwochen.

Se rele kòripsyon ak asosyasyon malfektè ke leta ta dwe pouswiv avèk anpil rigè. Jan de eksplotasyon ak deriv sa yo entolerab nan yon sosyete ki deja ap viv nan agoni ak mal site. Se yon veritab kò mafya ki pa menm epanye ti lèzanj ki nan jaden danfan.

Pami group kap batay pou bat tenèb deyè fòm deriv ak eksplotasyon sa, ou jwen Inyon Paran ak Elèv Progresis Dayiti (UPEPH) atravè prezidan li ki se Léo Litolu, denonse zak malfektè sa yo kap vale teren nan kat kwen peyi a. Anplis, UPEPH mande Edikasyon Nasyonal jwe ròl li jan sa dwe ye.

Comments are closed.