Nòdwès: 8èm Seksyon ta sanble pap pwan lontan pou disparèt malgre santènn mesaj ki ale jwenn gouvènman an

0 584

Yon siyasyon de mizè nwa e alafwa revòltan ap devlope nan Ba Nòdwès depi kèk tan nan 8 èm Seksyon, Mahotyè, Bochan pou nou site sa yo sèlman . Sa gen plis pase yon lane lapli pa tonbe alòske Kazèk ak Azèk pa sispann alète responsab yo nan pouvwa ki pa menm konnen egzistans zònn sa yo kote ke se reyèlman dezè Sahara ki pwèske anvayi tout fawès-la.

Se reyèlman rèl kay makorèl! Se kri arama, yon kalamite san parèy, alòske swadizan bagay ke moun yo vote yo ap boule dola, benyen nan nich fanm grimèl, banbile nan gwo kay nan kapital-la ak lòt bò dlo. Gade videyo repòtaj-la, yon kote eli Nòdwès yo deklare ke yo repwezante!

Ychmuth Corneille, TRiboLAND

Leave A Reply