Pa swiv wout la, li pi bon ou kòmanse pito yon kote ki pa gen wout

0 426

(TRiboLAND) Li mande anpil kouraj, fòs ak konviksyon pou ale kont yon grenn (semans). Men si yon moun pat fè sa deja, pa tap janm genyen egsistans farinn pou fè pen, chokola, sereyal oubyen radyo nan machinn nou.… Li trè difisil pou fè yon moun swiv machinn panse ou. Sispann eseye fè sa! Se machinn ou, ou se inik enjenyè ak chofè machinn sa.

Anpil fwa nou toujou vle e bezwen èd, sipò ak konfòtabilite nan men lòt moun lè nap antreprann yon bagay ki nouvo. Si nou pa genyen èd sa yo, ki sa ki genyen nan sa! Eske sa ta vle di nou dwe sispann sa nou gen pou antreprann? Pa ditou!

Wout ki Mennen nan siksè toujou genyen anpil siyn, senbòl avètisman ak obstak. Men lè ou kòmanse yon wout avèk anpil kouraj, detèminasyon ak fòs, yon sèl moun ki kapab kanpe ou se inikman ou menm.

Leave A Reply