Gwoudou gwoudou : Gouvènman japonè a bay yon kontribisyon 1,41 milyon dola vèt

2,074

10/16/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Gouvènman japonè a bay peyi Dayiti yon kontribisyon 1,41 milyon dola atravè Programme Alimentaire Mondial (PAM) Nasyon tèt Kole yo ki nan peyi Dayiti. Yon parèy magogo antre nan kàd bourad grese sere pou ijans alimantè pou plis pase 30,000 moun ki te afekte nan gwoudou gwoudou 14 out 2021 an ki te kraze plat atè peninsul sid peyi a.

Selon resposab konsène yo, magogo sa ki destine pou yon pwogram kap dire 6 mwà, ap genyen pou bay jarèt yon seri sèvis lojistik PAM, patikilyèman sèvis ayeryen e imanitè Nasyon Tèt Kole yo. Konsa, PAM ap kapab arive touche zòn ki te pi afekte anba gwoudou gwoudou trajik la.

Li enpòtan pou sinyàle, peyi Japon pa sèlman kontribye nan pote kole pou asiste sa yo ki nan sid peyi a, men tou, li devlope bonjan kòkòday ak PAM nan apwovizyone kantin eskolè pou ti nosan nan depatman Latibonit lan. Kidonk, granmesi peyi Japon, plis pase 20,000 elèv lekòl ki soti nan fanmiy kap pran lanm, benefisye yon “plat manje byen kore” chak jou.

Comments are closed.