Gwo van panik ak maryaj kout zam nan kad anpeche Sweet Micky simen yayad nan Okap

0 591

Okap__(TRiboLAND) Nan moman sa gwo panik chape poul deklenche nan vil Okap nan yon ti bout tan apwè Cha Sweet Micky te kòmanse ap bay yayad mizikal, moun ke yo pa arive idantifye lanse matyè fekal sou cha chantè devègode a ki te deja bay defi a yon sèktè ki anpeche l pran lari.

Katouch ak gwo detonnman kout zam moun pa abitye tande kraze rak; yon veritab tèrè chape poul anba gaz lakrimojènn ki lakoz yon pakèt moun vòltije nan lanmè e kouri antre lakay lòt moun key o pa menm konnen. Enfòmasyon ke TRiboLAND kapab fè konfyans fè eta de gwo leve kouri supèsta a ki pat pran tan pou desann cha anba yon konsè kout zam ki tap sòti divès kote. Jiska pwezan kantite viktim yo inyore.

Depi kèk jou pèp Okap mobilize pou anpeche Cha Kanaval Sweet Micky simen yayad mizikal nan yon vil ki pou sèten moun ki ankò vle fè apèl ak moralite.

Leave A Reply