Pandan elektrisite se boul lò pou lakay, ayisyen sabote sou-stasyon elektrik Aveni N lan

223

01/02/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Michel Présumé ki se Alatèt Elektrisite Dayiti anonse yon sabotaj ki arive fèt premye janvye 2021 an sou-stasyon Avni N lan ki t’ap regularize rezo zòn Metwopoliten an ki te kon fasilite alimantasyon Lopital Jeneral.

Gran Otoryan ki eskize li bò kote kliyantèl la pou konsekans sabotaj la ki mete konpayi a nan mizè rere pou bay kouran jan sa dwà pandan plizyè èdtan chak jou.

“Mwen regret pou’m enfòme popilasyon an ke byen bonè nan maten kit e vandredi premye janvye 2021, sangwen ki pa idantifyàb menase lavi teknisyen EDH e sabote sou-stasyon elektrik Avni N lan, ki t’ap apwovizyone Lopital Jeneral. Mwen mande fòs lòd ak otorite jidisyè yo pou yo idantifye ak neutralize san pèdi tan endividi say o ki sabote sou-stasyon elektrik la,” daprè Michel Présumé ki pat kache mekontantman li fas a yon parèy zak tèworis.

Comments are closed.