A kèlk jou reouvèti lekòl, pri materyèl eskolè yo, se yon lòt dilèm pou malere paran ayisyen yo

901

08- 26- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Selon temwayaj majorite paran ayisyeny yo nan mikro TRiboLAND nan Jeremi, fè konen yo pap kapab respekte dat 11 septanm 2023 a, ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesionèl fikse pou repwann aktivite yo eskolè yo.

Daprè malerèz ak malere yo, yo fè konpwann ke yo toujou pa pakab pwan kanè eskolè pitit yo ki toujou nan pasaj nan tiwa direksyon enstitisyon yo.

Nan sans sa, paran kap travèse enpas lanfè tout kalite yo, mande gouvenman PHTK Ariel Henry la, repòte dat 11 Septanm 2023 a; kreye dyob ak anplwa yon fason pou peyizan ou moun afè pa bon yo nan katye defavorize yo, kapab jwenn yon ti mwayen pou asiste fanmiy ki alagoni nan tout nivo.

Comments are closed.