Nòdwès: Pwofesè Andalasse Mertilus ap fè bat bouch sou dènye evolusyon sitiyasyon politik Ayiti a

0 516

Pòtpawòl Opozisyon an nan Nòdwès, Pwofesè Andalasse Mertilus kap suiv konpòtman chèf Leta a, Msye Jovenel Moïse, fas ak direksyon kriz peyi ki arive kreye gwo lèse fwape ant SPNH ak swadizan FADH la, adrese l dirèkteman ak nasyon ayisyènn nan.

Li ak anpil enterè, yon manyè pou w ka rive konprann sa k pral tann Jovenel Moïse to ou ta.

Andalasse Mertilus:

Pèp Ayisyen! Pwosè Petwokaribe a, mete Nasyon an danje!

Prezidan Jovenel Moïse ap boske ak balènn yon lokipasyon etranjè. Se pi bon fason pou pase eponj sou pwosè Petwokaribe a!

PHTK pat vle rann Prezidan Jovenel sèvis pou atake manifestasyon opozisyon an, paske anpil nan yo fousstre epi fòs fwap yo pa reponn; prezidan an pa ka jwenn gè sivil li tap chèche a. Se PNH la ki te konn fè represyon pou li, men sa pa rele gè sivil; prezidan an tante anpil fwa pou l mete moun PHTK nan la ri, sa pa mache. Peyi Lòk la sèvi pwezidan an se vre, se sou li prezidan an chita poul jistifye echèk li, men li paka ba li gè sivil la.

SPNH la, se pa pwezidan an ki envantel, men nesans li ak sa lap trennen dèyèl kòm kriz, kapab yon souf pou pwezidan an paske l bezwen yon gwo kriz poul sove po li anba gwo menas prizon Petwokaribe a!
Revandikasyon PNH la, se pwezidan an ki ka mate l, li pwefere egzajere l nan benefis li menm ak tout gwo zotobwe ki anba gwo menas prizon pou kòb Petwokaribe a.

Prezidan an santi li pap ka fè eleksyon poul nome depite, senatè, Martelly oubyen Ti Duvalier pwezidan, li oblije anvlimen tout kriz ki ka egzije USA entèvni oubyen pou ONU mande Dominiken yo vinn OKIPE Ayiti. Lè sa a, tout bagay kraze poud. Konsa, ayisyen pap gen kontwòl anyen, saw tande a kase fèy kouvri sa sou masak yo, Dermalog ak Petwokaribe!

Polisye yo foustre, yo imilye yo twòp, yo pap fè bak swivan temwanyaj mwen jwenn nan men yo. Jovenel ap mete zouti nan men yon pati polisye ak ti mesye militè yo pou fè lese fwape a nan enterè li.
Poukisa komisyon ki mete sou pye pou rezoud kriz PNH la, anvi mete plis eleman pou kriz la anvlimen?


Pou kisa Prezidan Jovenel ak Martelly tap fòse fè kanaval nan konjonkti difisil nou ye la a? Poukisa Michel Martelly chwazi vil Okap pou lal fè pwovokasyon? Yo gen yon bagay yap chèche. Finalman, kou a pa pase atravè Kanaval la, men yap kontinye konte sou SPNH la, pou yo rive kote yo vle rive a!

Pwezidan Jovenel paka viv san yon Opozisyon vyolant, Opozisyon ki la a, paka sèvi pwezidan an nan sa lap chèche a, epi patizan l yo pa deside edel fè “gè sivil” la. Li oblije kontinye konte sou SPNH la ki pou kreye sityasyon kawo ak anachi ki kapab anmenm tan fasilite desizyon ONU ak USA sou ka Ayiti a!

Pwezidan Tiresias Simon Sam (1902) te nan menm sityasyon ak Pwezidan Jovenel, men egzil li te asire, se sak fè l pat pwan prizon nan Pwosè Konsolidasyon an. Jodi a, menm lè pwezidan Jovenel ta pwan egzil, ekstradisyon l fasil. Li konn sa, li oblije batay jouktanl kraze peyi a nèt.

Andalasse Mertilus


Mwen fòme nan École Normale Supérieure (UEH)

Leave A Reply