11èm edisyon Festi Rara nan Kay-Jakmèl reyisi ak anpil kè kontan

1,582

04-07-2023

Kay-Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) KOFKAJ reyisi 11èm edisyon Rara Kay-Jakmèl, jodi vandredi 7 avril 2023 a sou tèm “Rara se Kilti Nou, Ann Valorize-l”. Divès moun sot nan tout ra kwen vin pran plezi nan gwo kokennchenn sòlòkòtò yayad sila.

Aprè tout dispozitif Direksyon Depatmantal Polis Sidès la te pran, pou evite derapaj ant bann ak bann, DDS/PNH la te mande pou bann yo fè prèv de “fair-play”, yon fason pou evite afwontman ak deblozaj Rara. Jiska koulya, aktivite rara yo ap byen pase nan depatman Sidès la; yon bagay ki rive fèt nan gete, trankilite e san deblozaj.

Kidonk, mount e kapab konstate ke anpil dispozitif te pran pou te fasilite bonjan dewoulman rara yo; ekleraj ak Lapolis ki te reponn prezan pou te evite moun ki gen movès entansyon fè dezòd.

Malgre sitiyasyon difisil moun yo ap viv, sa pa enpeche nan vizaj yo ou wè se yon seri moun ki vle viv, men ki pa egzije dirijan yo kreye kondisyon pou sa. Se deklarasyon yon peyizan ki te vin patisipe nan Festi Rara nan Kay-Jakmèl.

Comments are closed.