Selebwasyon 88 lane Lycée Tertullien Guilbaud nan Pòdpè

0 616

Pòdpè___(TRiboLAND) Jan TRiboLAND te anonse li an, se jounen Vandredi 21 Fevwye 2020 la, elèv Lycée Tertullien Guilbaud ( LTG) ki tabli l nan rejyon Nòdwès la, notàmman nan Vil Pòdpè, fete 88 Rekòt kafe l.

Nan okazyon an, yon mès Aksyon de Gras te rive chante byen bonè nan maten 21 Fevwiye 2020 sa a nan Katedral Pòdpè a. Aktivite serremoni yo te dewoule an prezans elèv Lise a ki te evalye a plis pase 2000 elèv konsa, ansyen elèv ak pwofesè, Ti Pèsonèl ak paran elèv, zanmi ki te soti nan 10 Kominn Depatman Nòdwès la ak nan peyi Lòtbò dlo.



Pwèt selebran an, Rév. Pè Jocelyn Dolcé, nan Omeli sikonstans lan te sèvi ak deklarasyon Saint Augustin, yon edikatè, yon modèl, kòm gid, bousòl pou oryante elèv, pwofesè ak fiti pwofesè ki te reponn pwezan anndan seremoni an. Kire Pawas Katedral la, Rev. Père Jocelyn Dolcé, te konseye elèv ak pwofesè yo pandan tout Omeli a pou yo toujou mete aksan sou deklarasyon Saint Augustin an ki di: “L’ éducation n”est pas une action étrangère à la personne, mais une réalisation de soi par le Savoir: le choix et la décision. L’éléve est celui qui met en oeuvre l’histoire de sa vie.”

Prèt Katolik la pwofite yon tèl deklarasyon pou mande tout elèv ki te prezan nan moman saa pou yo fè yon chwa nan lavi yo pandan l ankouraje yo pou yo renonse ak tout bagay ki kapab antrave yo sou chimen yo tankou ” Lachte” sa vledi pou yo pa janm fè bèk atè douvan difikilte, pikan kwannan ki drese sou wout yo menmjan ak Jezi Kri te brave danje douvan tout eprèv yo.

Pè Jocelyn Dolcé, ki se aktwèl kire Katedral Pòdpè a, swete tout elèv Lycée Tertullien Guilbaud yo, youn nan Lise ki pi Granmoun (ansyen) atravè Repiblik la, renonse ak tout bagay ki kapab antrave yo sou chimen yo pou yo swiv Jezi Granmèt la,ki se modèl yo, yon mannyè pou yo ka rive transfòme sosyete Ayisyènn nan.

Leave A Reply