Benen: foto ansyen pwezidan Boni Yayi lage nan poubèl fatra

365

06/06/2021

Kotonou_____(TRiboLAND) Yon foto ki entèpele direksyon jeneral enpo nan Kotonou: se foto yon ansyen prezidan Repiblik la kap trennen nan poubèl fatra.

Te genyen yon lè se te nan miray ou nan antre direksyon jeneral kontribisyon an moun te kapab wè foto ofisyèl pwezidan Boni Yayi kwoke, koulya pa genyen sa ankò. Yon foto ki tap dekore mu plizyè enstitisyon nan Repiblik la pandan 2 kenkena yon pèsonalite ki pa sou pouvwa ankò, trouve li dezonore.

Dapwè “24 Heures” nan Benen, sa fè depi 2016, Chèf Leta Patrice Talon pran tèt peyi a. Se tout afè nòmal ke yo retire yon parèy foto. Sepandan, andepi de pèsonalite ke li ye a, pwezidan repiblik la enkane yon enstitisyon. Konsa, li enpòtan pou genyen yon devwa memwà! Sa eksplike an pwensip albòm foto ansyen chèf enstitisyon nan tèt kèk administrasyon.

Ki sa ki kapab jistifye pwezans yon foto ofisyèl ansyen pwezidan beninwa Boni Yayi nan yon poubèl fatra? Se yon foto ki chita nan poubèl fatra depi konbyen jou alòske yo te kapab mete li yon kote kòm achiv.

Antouka, plizyè ajan oubyen manb nan pèsonèl direksyon jeneral enpo a, te choke lè yo te dekouvwi foto ofisyèl ansyen chèf deta a tap trennen nan yon poubèl fatra.

Comments are closed.