Yon kagezon zam sezi nan Dwann Okap Ayisyen

0 539

Kap Ayisyen___(TRiboLAND)  Ajan Dwann yo nan tèt kole avèk polisye Bwigad Lut Kont Trafik Dwòg (BLTS) ak Jij Depè Frito Aristil poze lapat sou yon kantite zam ak minisyon nan sèvis pòtyè Oka Ayisyen an jodi 21 Fevwiye 2020.

Selon otorite yo, yo arive sezi 200 katouch kalbi 38; 2625 klib 9 mm; 350 kalib 12, 199 kalib 5.56; 480 kalib 7.62; 100 kalib 3.80; plis pase 10 zam pami yo ou jwenn 9 inite kalbi 9 mm ak yon inite kalbi 38 akonpanye 3 fuzi manch long kalbi 12 ak yon fuzi am 15; pou katouch menm pa gen bouch pou pale! Otorite yo mete men tou sou yon pè chajè 5.56 X 45, senk chajè 7.62X39 ak sis lunèt batayè.

Dapwè enfòmasyon yo, kagezon zam sa ki soti dirèk anndan youn nan peyi zanmi Ayiti a, Etazini. Yon sèten Alcime Joseph jwenn arestasyon li, alòske li se moun ki te responsab pou resevwa koli zam sa yo pou yon konpayi ki pote non Metro Services, koulya ap reponn kesyon lapolis.

Leave A Reply