Opozisyon Nòdwès la pwomèt pou li solidarize avèk otaj relijyèz ak relijye “400 Mawozo” yo atravè yon jounen pwotestasyon

427

04/22/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Opozisyon nan depatman Nòdwès la ki reyini Fanmi Lavalas, RDNP, Ayiti An Aksyon (AAA), Pati Rasin Kanpèp la, OPL, Pati Sosyal Demokrat, Pont, pou n site sa yo sèlman, nan kad yon konferans pou laprès jounen jedi 21 avril 2021 an, pwomèt pou l okipe beton an, nan jou ki pral vini la yo pou fòse Prezidan defakto a, msye Jovenel Moïse bay talon li sou pouvwa a ke li kidnape depi 7 fevwiye 2021 dènye.

Nan moman yon parèy konferans, 3 nan Kowòdonatè Pati Politik sa yo, pwofesè Mertilus Andalasse ( RDNP), Pierre Réginald (Pati Pitit Dessalines) ak Me Cadet Ductan (AAA), denonse ak tout fòs yo fenomèn ensekirite ak zak kidnapping lan ki pa sispann ogmante chak jou pi plis.

Konsa, yo anonse yon mach pasifik nan Podpè jou kap vandredi 23 avril nan objektif pou pote solidarite yo bay relijyèz ak relijye yo ke gang sangwen “400 Mawozo” te kidnape nan komin Kwa Dèboukè depi plis pase yon semèn.

Andalas Mertilus, Régional Pierre ak Me Ductan Cadet, ki se 3 Kowòdonatè pati politik sa yo pou rejyon Nòdwès la, fini pou di zak kidnapping k ap vale teren nan peyi Dayiti a pa etone yo paske premye zak kidnapping te arive anrejistre nan Nòdwès peyi a, nan lane 2001. Konsa, ravisè yo te kidnape yon pitit vil la. Kidonk, bandi sangwen sa yo te resevwa nan men paran viktim nan yon gwo kantite magogo lajan.

Jounen jodi a, tout moun ki bezwen konnen kilès ki papa kidnapping nan, dwe fikse zye yo sou Palè Nasyonal, dapwè Pwof. Andalasse Mertilus, Me Ductan Cadet ki t ap depoze nan mikwo TRiboLAND.

Nap raple, opozisyon an bòkote pa l deside konbat lide referandòm bidon Jovenel Moïse tou; ki selon li menm kap kondwi peyi nan plis efondreman ak diktatè.


Saint Jean Wiskis

Comments are closed.