Yon Direktè lekòl kit e akize dèske li te nan bo elèv libere anba kondisyon

0 336

Naso__(TRiboLAND) Thomas Whitfield Nottage, se non yon administratè lekòl ke yo akize pou agresyon endesan sou yon elèv te pase plis pase yon semènn nan prizon anvan li te jwenn liberasyon li sou $ 3,500 kosyon yè Jedi 20 Fevwiye 2020 an.

Pèsekitè yo pretann ke Thomas Whitfield Nottage ki gen 50 rekòt, yon pastè ak direktè Gras Kretyènn Lekòl, bobo yon ti fi 13 lane nan biwo lekòl la 29 janvye pase a. Nottage te rete nan prizon 10 Fevwiye ki sot pase la, dapwè deklarasyon li te fè devan Majistra Jeneral Joyann Ferguson-Pratt.

Nan yon aplikasyon kosyon ke avoka defans lan, Keevon Maynard te soumèt, konfime ke akizatè Nottage la sispann ale lekòl la. Li konfime tou ke Nottage pa yon moun ki pral kouri sove paske li genyen yon rapò solid ak kominote a antan ke pastè kap sèvi Ministè Gras Evanjelik depi 20 lane.

Nottage ki se yon mouche marye, papa kat timoun, jwenn yon liberasyon tanporè anba yon konsyon $3,500. Li genyen pou li ale nan jijman 12 e 13 Me pwochen.

Leave A Reply