Pòdpè: Selebwasyon Fèt Saint-Thomas d’Aquin, Patwon filozòf yo

196

01/29/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jounen jedi 28 janvye 2021 an, se fèt Saint-Thomas d’ Aquin, Patwon filozòf yo. Nan okazyon an, sou inisyativ elèv filo enstitution Notre Dame du Perpétuel Secours, batize PROMO EUGENESIA, yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi, te rive chante anndan Katedral Pòdpè a.

Selebwasyon an fèt anprezans plizyè elèv etablisman segondè nan vil la, tankou Collège Le Primat de L’Esprit, Notre Dame de Fatima, Notre Dame de Lourde…..pou n site sa yo sèlman. Nan omeli sikonstsans lan, kire pawas Katedral Pòdpè a, Rev. Père Jocelyn Dolcé, te konseye elèv filo yo pou yo toujou swiv menm wout ak Sen patwon yo “Saint-Thomas d’Aquin” ki te toujou ap chèche konesans pou nouri lespri l.

Aprè mès la, elèv yo te oblije retounen nan etablisman respektiv yo pou kontinye ak rès aktivite yo. Nan okazyon sa a, se elèv filo yo ki te ranplase pwofesè yo nan sal klas yo pou dispanse kou yo. Kanta elèv Enstitisyon Notre Dame Du Perpétuel Secours ki yo menn se te inisyatè, jounen jedi 28 janvye 2021 an. Nan bat bouch ak TRiboLAND, elèv yo t’ap esplike kiyès moun Saint-Thomas d’Aquin te ye answit kòman jounen an ap bout. Se ka pou Leconte Loriama Kamadia, Orélus Rachelle Dominique ansanm ak Fortin Rose Emma.


Selon Leconte, Saint-Thomas d’Aquin se youn nan pi gran savan kretyen yo. Li te fèt nan peyi Itali nan 1225. Li te nome Patwon filozòf yo. Legliz te bay pote Tit sa a “Docteur Évangélique”. Daprè Saint-Thomas d’Aquin, yon filozòf se yon moun ki gen yon rega kritik nan kèlkeswa domèn li twouve l la. Se poutèt sa, menm jan ak Saint-Thomas, Leconte konseye tout elèv parèy li yo pou yo aplike valè sa yo: lanmou, sansiblite, onètete, konesans, savwa ak diyite. San bagay sa yo, lavi a pa genyen sans.

Kanta Orélus Rachelle Dominique ansanm ak Fortin Rose-Emma, yo deklare : “chita nan klas filo pa vle di nou se filozòf pou sa, men nan fason n ap aji pou pèmèt peyi nou pran wout chemen devlopman.”

Ale lamès pou al koute pawòl Granmèt la ak travay ak elèv yo nan klas yo, pa t sufi pou boukle jounen 28 janvye 2021 ki se fèt Saint-Thomas d’Aquin, Patwon filozòf yo.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.