LTG briye ankò pandan li ranpòte prestijye « Prix Jacques Roumain 2026 » la

05/29/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Lycée Tertullien Guilbaud kontinye kenbe flanbo ekselans li limen pandan li ranpòte avèk anpil merit prestijye twofe « Prix Jacques Roumain 2026 » la, nan kad premye edisyon konkou « Génie en Herbe » entèskolè ki te òganize pa NCLP (Nouveau Club Production) an kolaborasyon ak ACR nan vil Pòdpe. Nan gran final la, LTG fè yon demonstrasyon kapasite entelektyèl lè li bat Institution Le Tournesol sou yon gwo nòt 180 pwen kont 90.
Konpetisyon an te dewoule nan yon bèl anbyans kote entèlijans, disiplin ak lespri konpetisyon te pran plas yo. Elèv ki t ap reprezante Lycée Tertullien Guilbaud yo te montre anpil preparasyon ak metrize plizyè domèn konesans jeneral, sa ki pèmèt yo domine final la avèk otorite. Viktwa sa a vin konfime ankò plas enpòtan lekòl la okipe nan mitan enstitisyon ki toujou ap valorize edikasyon ak ekselans akademik.
Premye edisyon « Génie en Herbe » entèskolè « Jacques Roumain » an make yon gwo moman pou valorizasyon jèn ayisyen yo ak kapasite entelektyèl yo. Gras ak viktwa sa a, Lycée Tertullien Guilbaud make non li an lèt dò kòm premye chanpyon konpetisyon an, pandan li pote lakay li avèk fyète prestijye twofe « Prix Jacques Roumain 2026 » la.






