Gwomòn : Gang teworis Ti Bwadòm yo touye yon latriye moun nan yon dans vodou

549
0
Share:
TRiboLAND

Gwomòn, Ayiti______(TRiboLAND) Pwèske 8 jou aprè gwo desann dèlye sanglan bandi sangwen teworis yo nan komin Gwomòn, depatman Latibonit, popilasyon an nan plizyè rejyon pa sispann pran gagann nan men malfwa yo.

Selon repòtè TRiboLAND ki nan Ba Plato a, sanginè kap feraye nan Ti Bwadòm ant 5èm seksyon Pandi ak 6èm seksyon Savann Kare nan komin Gwomònyo kontinye ap simaye latèrè. Yo ratibwaze zòn Nan Fon, e elimine tout sa yo jwenn sou wout yo; alòske yo touye 7 moun nan yon seremoni vodou, yè swa samdi 30 dawou 2025 lan.

Atak san mèsi sila, ki voye ale plizyè nanm inosan; men tou, li fè divès blese, daprè sa ki vini jwen TRiboLAND.com. Zak malonèt sila yo ap pran jarèt, nan yon moman genyen chanjman radikal ki fèt nan komisarya Gwomòn nan.

Share:

Leave a reply