Sis mwa aprè enstalasyon yon nouvo katèl, kesyon sou direksyon Mèri Pòdpe a pa manke ap miltiplye

92
0
Share:
TRiboLAND

09/20/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Sis mwa aprè enstalasyon nouvo komisyon minisipal ki gen nan tèt li Ralph Moreau, kesyon sou ritm aksyon Mèri Pòdpe a ap pran plas nan diskisyon piblik la. Ralph Moreau ap dirije komisyon an ansanm ak lòt manm li yo, nan yon vil k’ap fè fas ak gwo defi tankou ensalibrite, konstriksyon anachik ak bezwen pou amelyore sèvis minisipal yo. Lè nouvo ekip la te pran fonksyon an, li te rekonèt enòmite defi ki devan administrasyon an epi li te lanse yon apèl pou sektè prive a, notab yo ak dyaspora a kolabore.

Malgre sa, divès sitwayen ap mande administrasyon an pou akselere travay li epi bay popilasyon an siy konkrè sou chanjman li vle pote nan vil la. Pami sijè ki toujou fè objè diskisyon yo genyen pwòpte lari yo, jesyon fatra, kondisyon wout yo, òganizasyon espas piblik yo ak fason sèvis minisipal la ap fonksyone. Pou kèk moun, sis premye mwa yo se yon peryòd kote popilasyon an kòmanse remete an kesyon oryantasyon yon nouvo ekip la.

Kesyon an, daprè kritik sa yo, se pa sèlman sou kantite tan ekip la genyen nan tèt Mèri a, men sitou sou vizibilite aksyon li yo ak kapasite li pou kominike ak popilasyon an. Nan yon vil kote atant yo anpil, administrasyon Ralph Moreau a ap bezwen montre, atravè aksyon ak rezilta ki verifyab, ki direksyon li vle bay Pòdpe pandan manda pap padap li kòm alatèt komisyon minisipal la.

Share:

Leave a reply