Pwemye Minis annatandan Jean Michel Lapin anonse rekonstwiksyon stand kanaval yo pou pi rèd

0 382

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon konferans ke li bay jodi 18 Fevwiye 2020 an, Pwemye Minis annatandan an, Jean Michel Lapin anonse pou pi rèd rekonstwiksyon stand kanaval yo ki te ansandye sou Channmas la yè 17 Fevwiye a, yon zak selon Lapin ki gen mak fabwik ajan PNH ki tap reklame bonjan kondisyon ak tretman e egalman libète pou yo kreye pwòp sendika yo.

Konsa, chèl gouvènman an reyitere volonte li pou li kontinye rapouswiv ak aktivite kanaval yo nan tèt kole avèk Meri Pòtopwens. Nan konferans sa ki te reyini: Minis Defans yo, responsab CIMO ak UDMO, responsab sapè ponpye yo, Sekretè Deta pou sekirite piblik la, san konte Direktè Jeneral annatandan PNH la, Rameau Normil ki te tou pwofite lage nouvèl ki ta pral etone popilasyon an lòske li te anonse revokasyon divès gran toryan ki te alatèt mouvman SPNH otopwoklame a ki tap bay anpil payèt nan mach yè Lendi a ki te arive demantle e boule rapye tè divès stand kanaval sou Channmas la.

Pami 5 polisye yo depoze yo, ou jwenn Kòdonatris sendika otopwoklame, Yanick Joseph ke yo estime ki te asosye ak zak ensandi byen piblik san konte tantativ pou souye onè enstitisyon PNH la.

Leave A Reply