Sak ta di sa! Vil Senlwidinò sikre e sal tankou peny tidan.

1,139

04-12-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Sak ta di sa! Nan sa ki gen pou wè avèk salibrite, vil Senlwidinò ta sanble li chanpyon nan dènye tan sa yo. Yon vil nan ane pase yo kite ankonpetisyon ak vil tankou Jakmèl nan depatman Sidès peyi Dayiti, jounen jodi a, tout tikwen chaje ak pil fatra, ma labou, sitou zòn litoral yo.

Mezantant nan mitan konsèy administrasyon kominal kap jere komin nan jwe anpil sou degradasyon komin nan. Plizyè biwo ki pou te bay popilasyon an sèvis, loje lakay pèsonèl kap administre minisipalite a, depi lè bandi sangwen te fin sakaje meri a pran tout materyèl sansib yo, nan mwa novanm pase a.

Pou anpil sitwayen nan komin nan, se premye fwa komin Senlwidinò trouve l nan yon sitiyasyon sikre parèy, kote moun ap mache sou fatra, devan katedral se men nan machwè ak move lodè, plas piblik tounen simetyè abandone.

Sèvis sanitè, vwari, e latriye patwò prezan akoz diferan tandans politik kap degaje anndan administrasyon an. Si pa gen yon chanjman radikal nan fason ekip la ap mennen komin Senlwidinò ,pita kapab pi tris. Popilasyon an mande responsab yo fè yon jan pou genyen tik al lawontèz e kenbe eskanp figi komin nan menm jan sa te ye avan.


Comments are closed.