Abitan Lasalinn ansanm ak machann kwa bosal yo di gouvenman Jovenel la ba yo pito Lapè olye Lagè

0 314

Rezidan Lasalinn avèk Machann ki gen ti demele yo nan Labou Kwa Bosal rete solidè avè van Lapè kap klwonnen nan mitan yo. Sa yo ki te leve kouri pou vyolasn depi plis pase yon lane retounen nan rezidans yo kòm yon pwèv palpab ki montre detèminasyon pou Lapè sa materialize.

Anpil nan moun sa yo ki te viktim gwo masak, selon òganizasyon dwa moun anndan peyi a ki enplike pwezidan ak tout akolit li yo, denonse ankò yon fwa Jovenel Moise ansanm ak Depite kominn nan ki anpeche pwosesis Lapè ke yo ap chèche a materialize.

Dapwè divès moun, bandi yo arive antann yo, sepandan kriminèl nan ran pouvwa Jovenel Moise la kontinye ap koutize moun pou kontinye alimante aktivite banditism. Nan nou tande abitan lasalinn yo ak divès machann kwa bosal ki kontinye ap mande Lapè.

Courtoisie ou credit video: Jounal 9

Leave A Reply