Premyè vizit Komisè gouvènman pakè Pòtoprens lan, nan prizon sivil la.

710

06-16-2023

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Jan sa te pwomèt nan diskou enstalasyon li a, nan kad lit kont « détention préventive prolongée » a, Mèt Edler Guillaume, reyalize nan dat 15 jen 2023 a, yon vizit nan Prizon Sivil Pòtoprens lan.

Pandan vizit sa, chèf pakè a òganize yon seyans travay ak responsab yo pou gade ki mekanism y ap adopte pou rann jistis la pi efikas pandan y ap goumen pou tout moun ka jije epi konnen sò yo nan yon ti bout tan.

Jiska 13 jen 2023, sou 3,750 prizonye, gen sèlman 334 ki kondane. Genyen ki gen plis ke 5 – 10 lane nan prizon pou yon telefòn yo te vòlè. “Avan lontan, yo tout pral nan tribinal”, se deklarasyon chèf pakè Pòtoprens lan.

Nan vizit sila, Mèt Edler Guillaume, te gen chans pase nan plizyè selil pou li te pran doleyans prizonye yo. Mwen pwomèt yo bon jan akonpayman jidisyè ak asistans sosyal, tankou klinik mobil anndan prizon an elatriye.

Egzèsis sa ap kontinye pandan tout tan mwen komisè gouvènman Pòtoprens. Se pou lajistis triyonfe pou tout moun.

Comments are closed.