Komisè pakè jiridiksyon Jakmèl la mouri nan aksidan sikilasyon ak tout ajan sekirite repwoche li.

105

09-15-2023

Leyogann, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Jakmèl la, Mèt Lionel Schéma ak sekirite rapwoche li, mouri nan yon aksidan sikilasyon nan Lakil, komin Leyogann ozanviwon 6è nan fen jounen vandredi 15 sektanm 2023.

Aksidan sa a, pwodwi se nan moman Komisè Lionel Schéma ak tout sekirite li tap soti travay nan biwo li Jakmèl, lè li rive Lakil Leyogan, machin li tap kwondwi a, fè yo yon eklatman kawoutchou epi li rantre anba yon kamyon trelè ki tap transpòte siman.

Jouk nan moman nap pale la a, pak gen jij depè ki vin pwosede ak konsta legal kadav yo; kò san vi yo sepandan toujou rete atè a ap benyen nan san yo.

Nap raple, komisè Lionel Schéma genyen anviwon 3 lane depi lap dirije tèt pakè jiridiksyon Jakmèl, nan Sidès peyi a.

Comments are closed.