Nèg ame touye apepwè 21 moun nan mitan yon vilaj nan peyi Mali

0 292

Bamako/Mali___(TRiboLAND) Nan yon kominike baton gayak, gouvènman peyi Mali a konfime ke nèg ame arive touye omwen 21 moun nan sant yon vilaj ki te deja sibi yon atak manman penba ane pase.

Nèg ame yo te atake vilaj Ogossagou nan sèk Bankass nan rejyon santral Mopti byen bonè vandredi maten.

Otorite Mali yo konfime atakè yo te boule divès kay e yo sakaje ak pote ale yon pakèt zannimo. Gouvènman an ki kondane atak la, di lap envèstige e detèmine trennen otè krim yo devan la jistis.

Leave A Reply