Avoka Jeneral Florid la apwouve reparasyon pou yon moun ke yo te mal kondane

0 328

Biwo Avoka Jeneral nan Eta Florid akòde reparasyon ou dedomajman pou yon sitwayen ke yo te kondane pou granmesi.

Biwo Avoka Jeneral Florid la nonse yè Samdi a ke li reyèlman pa jis dèske yo pa akòde rezidan Jacksonville reparasyon pou kondanasyon yon krim ke li pat jamè komèt.

Kidonk, Samdi ki te 15 Fevwiye 2020 la, ofisyèl yo apwouve yon petisyon pou rekonpanse Nathan Myers, ki te pase 43 lane nan pwizon pou yon asasinay ke pwosekitè Jacksonville yo deklare ke li pat jamè komèt. Yon Ji jane dènyè te apwouve petisyon reparasyon pou kantite tan Myer te pase dèyè bawo, sepandan mwa dènye, Biwo Avoka Jeneral la te poze veto desizyon jij la.

Veto a te repòte ke menm si Jij la te detèmine e pwouve ke genyen evidans konvenkan ki jistifye inosans Myers, men Jij la te fè erè.

Koulya, Times-Union rapòte ke Eta Florid ta dwe peye Myers apepwè $2 milyon dola vèt, yon monte ki konsakre pou moun ki viktim fos kondanasyon dapwè lwa (Victims of Wrongful Incarceration Act), akoz plis pase kat dekad li te pase dèyè bawo.

Leave A Reply