Plizyè sitwayen konsyan pran lari nan Wanament

1,411

09-16-2022

Wanament, Ayiti __(TRIboLAND) Jan sa te anonse, yon gwoup sitwayen konsyan mete tèt yo ansanm pou òganize yon mouvman protestasyon jodi vandredi 16 septanm 2022 a nan Wanament.

Manif lan ki te demare anba yon seremoni mistik ki te reyini prèske tout kouch sosyàl nan komin nan, te pakouri nan divès kwen vil la, notamman : wout nasyonal pou rive Diwo epi kase tounen pou al tonbe zòn Gawoutyè.

Divès endividi tap tire wòch sou manifestan yo nan moman yo tap pase nan Ri Dèmati; sepandan, manifestasyon pat kanpe, yo te swiv pakou yo jiskaske yo te al delivre yon mesaj devan konsila Dominiken an nan Wanament. Se konsa, yo te mande konsil la pou mete viza yo disponib pou popilasyon an. Yo trouve se pa posib pou pri viza ap koute moun 500$ a $1000 blan meriken. Nan menm kontèks sa, manifestan yo tap mande pou Ariel Henry bay talon l blanch nan tèt peyi a, epi arete l.

Manifestasyon an ki ta pral kraze nan dwàn nan kote manifestan yo tap tire wòch sou polifwont yo ki pat pran tan pou reyaji epi lanse gaz lakrimojèn sou manifestan yo. Yon sitiyasyon ki te vin chanje bonèt kolè popilasyon an. Ki donk, wòch tire, vit BNC, Unibank, Sogebank kraze e yo mete dife devan biwo ONA e ale ak kèk bataklan.

Nap raple plizyè manifestan arive blese nan moman lapolis tap simen gaz la.

Jn Simon Manex

Comments are closed.