Polis Dayiti mete anba kòd yon gwoup etranje ak gwo zam fann fwa; pami yo genyen 5 ameriken e yon ayisyen

0 532

PORT-AU-PRINCE__(Triboland) Minis kap regle afè lòt bò dlo pou peyi Dayitia, Mr. Bocchit Edmond konfime arestasyon 5 pitit blan Meriken sou tèritwa Papa Desalinn nan. Ajoute a sa, Mr Edmond fè eta de twa lòt ke yo mete anba kòd plis de lòt etranje ak yon Aysyen natif natal. Jiska prezan otorite anplas yo ap fèbwass pou konnen ki gwo bwa ki ala baz mouvman sa a.

Nan yon entèvyu li bay CNN, chèf polis Dayiti a, Michel-Ange Gedeon deklare ke wyit mesye yo ta jwenn arestasyon yo sou baz posesyon zam otomatik, pistolè, telefònn satelit ak dwònn. Pi devan, chèf polis peyi Desalinn konfime ke mesye yo te jwenn arestasyon yo aprè ke yo tap sikile ak yon machinn sispèk sispèk sanplak.

Antretan ayè Lindi a, Depatman Deta peyi Meriken fè sòti yon nòt ki ta konfime arestasyon gwoup moun sa yo ki ta genyen kèk pitit blan Meriken la dan-l. Antouka, rimè pa sispann kouri atravètout peyi a; kòm kwa mesye sayo se yon ekip mèsenè entènasyonal ki gen zantray yo ki mare ak yon gwo konpayi sekirite entènasyonal peyi Etazini ki pote non Black Water” ki ta antre an misyon espesyal pou mete peyi Dayiti nan plis gwo katcha boumbe ke-l ye la. Antouka, gen anpil lòt rimè ki ta sanble konfime orijin ak patisipasyon gwoup moun sa yo nan anpil konfli onivo entènasyonal. Tout sa yo se yon seri enfòmasyon ke otorite peyi Dayiti yo pat kapab arive jistifye.

Jacob Bendallahm, Triboland.com

Leave A Reply