Pierre Casimir alyas “Junior” se non yon pwezime bandi Village de Dieu PNH fouke nan Sid peyi a

0 413

Pòtopwens___(TRiboLAND) Otorite Polis Nasyonal Dayiti yo konfime arestasyon Pierre Casimir alyas “Junior” nan Okay (depatman Sid) nan yon lokalite ki rele Nan Jòg Samdi apwè midi ki te 15 Fevwiye 2020 an.

Pierre Casimir, ki koulya anba men lapolis nan komisarya Okay la, te jwenn arestasyon li pandan yon checkpoint lapolis tap efektye nan lari.

Dapwè yon sous polisyè, Junior ta sanble li fè pati gwoup gang kap opere anndan Village de Dieu, konsa li ta sanble se youn nan bandi ki te pran yon bal nan yon operasyon PNH e li kouri al refijye nan depatman Sid la.

Leave A Reply