Repiblik Dominikèn: Yon alye chèf gang toupwisan Anel Joseph arete

238

11\29\20

Sen Domeng___(TRiboLAND) Dezyèm chèf gang tou pwisan, Adisson Maf, ki vini aprè Anel Joseph ki trouve’l ap fè prizon nan peyi dayiti, jwen arestasyon li yè samdi 28 novanm 2020 an nan Repiblik Dominikèn.  

Selon info yo, polisye dominiken arive prosede ak arestasyon Lyetnan Village de Dieu a aprè ke komisè gouvènman tribinal premye enstans Pòtoprens la te emèt kont gang sangwen an, 26 novanm 2020 dènye.

Bandi Village de Dieu genyen plizyè rad akizasyon ki pandye sou tèt li tankou zak asasinay, vòl men anlè, kidnapping, sekestrasyon ak plizyè lòt aksyon male pandye. Dezyèm Lyetnan group gang Village de Dieu a, ki mete dlo nan je yon latriye sitwayen ayisyen ap gen pou pimpe nan peyi Dayiti yon fason pou al repon sou yon krèy krim ke yo reproche’l.

Comments are closed.