Yon Jounen sansibilizasyon ak netwayaj lokal nan vil Pòdpè

0 392

Pòdpè__(TRiboLAND) Nan kad pou leve eskanp figi site Kapwa Lamò a, e pou rele koukouwouj dèyè fatra ak dèyè moun kap fè fatra, ORENO nan tèt kole avèk SOVE NÒDWÈS deside lanse yon jounen sansibilizasyon ak netwayaj chase fatra nan Pòdpè Samdi 29 Fevwiye 2020.

Tankou anpil kominote nan peyi Jamaik, Etyopi, Rwanda ak peyi Repiblik Dominikènn fè kolònn pou mete pwòpte nan tout ti kwen lakay yo pwèske chak 6 mwa Bondye mete. Konsa, TRiboLAND ankouraje chak sitwayen angaje nan vil Pòdpè pou pran desten site a an men, sinon tout moun ap mouri nan yon sèl twou anba yon sèl epidemi. Dayè kòm pitit Kapwa, an nou leve wont nasyonal ak etikèt vil malpwòp ke yo pa sispann atache nan idantite nou.

Yon Samdi bese leve ki ta dwe entèpele tout kouch sosyal ki itilize lari a kòm salon pèp la. An nou di aba: Pipi nan lari, kochon ki pèdi patiraj, bourik kap fè bezwen nan lari a, moun kap jete sachè dlo oubyen plastik juna nan lari, machann ki finn vann e ki kite fatra dèyè pou Lameri, lage ou itilize fatra pou fè dekorasyon nan fasad kay moun se yon krim kont sante lòt moun! Pòdepezyen toupatou, sitwayen angaje, komite katye an nou fè kolònn ak konbit nan mete sou kote yon ti tan volontè pou rele chalbarik dèyè fatra ki anvayi lakou bèl plas ak enstitisyon piblik nou yo, twotwa nou yo, lakou nou yo, mache nou yo, rivyè nou yo, kanal nou yo, rigòl nou yo, plaj nou yo ak polusyon ki deja ap simaye tout kalite maladi nan espas ekoloji nou an.

An nou sispann touye e chase pwa son nou yo ak fatra; an nou pa kite peyi Kiba fè nou esplikasyon akoz volim fatra nap lage nan lanmè e ki ale chwe sou plaj peyi Castro a.  An nou pote kole ak ORENO ak SOVE NÒDWÈS ki pa genyen oken èd lòt antite nan men yo si non ke volonte ak detèminasyon pitit zantray Kapwa yo ki di se twòp atò nan kotize $20 grenn dola chak mwa.

Antouka, randevou kase pipirit chantan, Samdi 29 Fevwiye pèl, pikwa, rato, bourèt ak kamyon pou nou site sa yo sèlman pa dwe rete anndan kay. Sitwayen bònn volonte, pote boure ak materyèl sa yo pou kontribye nan yon koz ki jis, ki se retire Vil Pòdpè nan fatra ki kontinye ap mete lavi moun an danje!

Vil Pòdpè pap peri e li pa dwe peri anba je lelit entèlèktyèl la, Jenès la, Legliz yo, Lekòl yo, Pwofesyonèl yo, Chofè Taxi moto yo, Komèsan yo, ak tout lòt enstitisyon tankou Lamèri ak Travo piblik ki deja pwomèt patisipasyon yo nan gwo mouvman sa.

Leave A Reply