Apati 14 Fevwiye, lari pral asiste tout ansyen senatè ki refize retounen materyèl leta yo

0 466

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan entèvansyon li sou yon radyo nan kapital la, nouvo pwezidan ti miyèt Sena repiblik la, Senatè Pierre Francois Sildor deklare ke 19 Senatè ki te gen manda ki pran fen nan mwa Janvye 2020 an, pral sezi wè apati 14 Fevwiye a kòman lapolis pral posede pou rale machinn leta ki toujou anba dèyè mesye sa yo ki pa respekte lajan kontwibyab yo.

Ansyen Senatè sa yo ki gen difikilte pou dijere fen manda e ki toujou ap fè lanavèt ak pelerinaj gen plis pase 87 machinn leta pou yo retounen. “Se kòb trezò piblik ki achte machinn ou ekipman sa yo,” dapwè pwezidan Sildor ki yon alye Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK).

Ansyen Senatè yo ke popilasyon ayisyènn nan pa bay benediksyon, te genyen jiska yè Jedi 12 Fevwiye  2020 an pou retounen tout sa ki pat pou yo tankou: machin, laptop, telefòn ak divès lòt materyèl ki pa byen manman ak papa.

Nap raple w, sa pa gen lontan ansyen Senatè Grandans lan, Saurel Jacinthe te manke pèdi po li ak yon machinn pèp souvren ki nan men l depi dig dantan. Yon mouvman popilè ke anpil lòt kote ta dwe adopte sitou nan rele bare vòlè dèyè tout ansyen senatè ki pran byen pèp la kòm byen pwive yo ou chwal papa!

Leave A Reply