PMP peyi Dayiti a, mande MICT lis tout ayisyen ki deja kite peyi a, epi mande ak USCIS bloke yon seri lòt gwoup annafè.

1,511

03-23-2023

Premye minis prezidan peyi Dayiti a, Dr Ariel Henry, mande ak MICT voye prese, prese lis tout ayisyen ki deja kite peyi a, nan kad pwogram imanitè Biden nan, pou entèdi yon seri lòt pati.

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon lèt Premye Minis Ariel Henry adrese ak direksyon Jeneral Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal, jounen jedi 23 mas 2023 a, li mande voye prese, prese lis tout ayisyen ki deja pati kite peyi a, nan kad pwogram imanitè prezidan Ameriken an, Joe Biden.

Yon lòt bò Dr Ariel Henry mande, ak imigrasyon ameriken (USCIS) pou anpeche patisipasyon nan pwogram sila, tout polisye ki gen yon fonksyon, politisyen ak boujwa ayisyen ke peyi Kanada sanksyone yo ak gang ame yo. Desizyon pou voye mande lis polisye ki pati kite peyi a, pran nan lide pou idantifye lis polisye ki deja abandone santye travay yo.

Nap raple, Ariel ki pase nan tout lanvè landwàt sistèm administrasyon Leta a ki mete peyi a nan sa liye la, pa arive fè prèv de yon minimòm gouvènabilite aktyèl. Ayiti pa janm rive tonbe anba men yon dirijan nul avèk yon gouvènabilite gang ak vwayou ke moun pa jwenn menm nan nivo katye. Se efondreman, kriminalite ak destriksyon total nasyon ayisyèn.

Comments are closed.