Ekstradisyon: DEA mete men sou ED1 yon lòt fwà ankò pou kokayin

3,045

04/07/2022

Apwès plizyè jou depi BLTS te fin mete men sou yon gro bawon trafikan, Eliobert Jasmin alyàs ED1 pou trafik dwòg, kòmand direksyon santral polis jidisyè a fasilite ekstradisyon anafè a pou peyi Etazini jodi jedi 7 avril 2022 a.

Se pa pwemye fwà ED1 ap fè yon parèy eksperyans nan ekstradisyon pou trafik dròg nan peyi Etazini. Jan foto a montre, pwezume akize a ap souri anba minòt tankou yon abitye. Li pa yon nouvo jibye pou Drug Enforcement Administration (DEA) ki genyen fevè pou fè sa li pi pito anndan peyi Dayiti anba je yon seri fo lidè idyo, koupyon ak restavèk ki asèpte mete ak etranje pou dezumanize “l’homme haitien” an, ke li koupab ou non!

Swit ak yon manda “pote vini entènasyonal” pou trafik dwòg, Eliobert Jasmin te jwen arestasyon li 22 mas pase anba lobedyans swadizan BLTS kap poze lapat sou sitwayen ayisyen e livre yo bay DEA. Konsa, DEA pran ED1 jodi jedi 7 avril 2022 a nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture e vòltije ak li pou yon dezyèm fwà jous nan peyi Etazini ki pa sispan foule anba pye souverènte dinyite peyi Jan Jak Desalin nan.

Nap raple, Eliobert Jasmin ki ta sanble yon presume bawon dwòg te deja fè yon latriye ane nan prizon nan peyi Tonton Sam, kote ke yo te kondane li pou trafik dwòg tout kalite. Li te kopere nan denonse yon seri lòt inosan ayisyen yon fason pou te redwi santans li.

Nan moman redaksyon yon parèy enfòmasyon, ED1 deja rive sou tèritwà Eta Tèt Kole yo, kote ke lap gen pou pwezante avan lontan devan yon jij federal kay Tonton Sam.

Enel Richard

Comments are closed.