PNH Boske 6 pwezime chèf gang Vilaj Dedye

0 474

Pòtopwens___(TRiboLAND) Polis Nasyonal Dayiti mete anba kòd yè Mèkredi 12 Fevwiye 2020 a plis pase 6 pwezime gwo chèf gang Vilaj Dedye ki trè danjere. Bandi sa yo jwenn arestasyon yo nan moman ajan PNH yo te mennen yon operasyon gason pa kanpe nan zònn metwopoliten an.

Divès nan bandi sa yo (Terassaint Wilson, Jean Lifaite, Doriné Jouby, Gabriel Sterlin ak Jean Chérismé) ke yo tap chèche tankou chyen fou e genyen yon fanm yo pran tou ki rele Rosena Bélony, gen gwo chèf akizasyon ki tonbe sou yo tankou: asasinay, sekestrasyon pou ranson, bwakaj, vòl olèmen, ak tantativ asasinay.

TRiboLAND
TRiboLAND
TRiboLAND

Konsa, se yon lòt gwoup pwezime gang ki vinn ajoute a yon pwemye gwoup ki pa gen lontan ke lapolis te mete anba kòd. Espere ke se pa menm ganstè sa yo ke Jistis vwa dlo a te deja mete an libète.

Leave A Reply