Ayiti / Ensekirite:”Pèp Nòdwès enkyè e mande otorite yo nan ki sa yo pran la”

0 681

Pòdpè___(TRiboLAND) Ensekirite, Kidnapin, ankèvlan, Ranson ak Asasinay , se sa nasyon ayisyènn nan merite jounen jodi a apwè 400 lane esklavaj. Sitwayen yo nan Nòdwès, notàmman nan Pòdpè ki espwime gwo kè kase fas aleve monte fenomènn kidnapping ki pa epanye oken moun, swete dirijan yo nan peyi isit pran responsabilite yo. Pèp sa a ki deja konnen tout kalte mizè omonn nan monte lesyèl pa do pap kapab fè fas ni aksepte yon parèy fenomènn santi kri.


Nan monan nap pale la, atravè mache yo ak douvan plizyè etablisman eskolè piblik tankou prive nan vil Pòdpè, moun kapab remake pwezans polisye. Modèl sa ki parèt nouvo pou popilasyon an, lage anpil dout nan yon moman pwi debakman bandi nan depatman Nòdwès la pa sispann sikile sou rezo sosyal yo ak radyo 32.


Saint Jean Wiskis / TRiboLAND

Leave A Reply