Yanick Mezile ranplase defen Dieudonné L’hérisson nan tèt PLANSPA.

2,292

06-04-2022

Aprè ansyen chèf pati Politik Nasyonal Sektè Popilè Ayisyen an, defen Dieudonné L’hérisson te di planèt la babay nan dat 26 Avril 2022 a, finalman se madanm li Yanick Mezile L’hérisson ki rive ranplase l.

Desizyon pou mete ansyèn Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo pran,tout swit apre gwo bwase lide kite fèt nan mitan manm Platfòm nan, nan dat 19 me ki sot pase a.

Nan menm gwo bwase lide sa a, enfòmasyon ki sòti yo fè konnen, Madam Yanick Mezile L’hérisson gen poul prezide Pati Politik PLANSPA a jiskaske kongrè pati a chwazi yon lòt prezidan nan tèt Pati a.

Comments are closed.