Lame Siryen an make yon gwo pwen. Li reprann Kontwol, yon Gwo wout ki mennen nan zònn Idleb

0 326

Damas___(TRiboLAND) Nan peyi Siri, Lame siryen an kontinye ap mennen gwo konba pou kontinye pran kontwol zònn Idleb ke yo te pèdi depi nanlane 2012.


Se yon gwo viktwa pou lame Bashar al-Assad la deske yo reprann tout kontwòl otowout ki soti depi Kapital Peyi a , Damas, ki menen nan Alèp, ki sitiye nan zònn Nòdwès peyi a. Konba yo pran yon lòt nivo ant gwoup rebèl yo. Sa lakòz gwo tansyon nan mitan peyi Larisi ak peyi Tiki. Peyi Larisi te oblije voye moun pou al pale ak otorite nan LaTiki yon fason pou yo te ka jwenn yon chemen dantant. Konsa, pat genyen antant kit e posib ant 2 peyi yo.


Batay sa a ke solda lame Prezidan Bashar al- Assad yo ap mennen an, e ki jwenn sipò Larisi, lakoz 13 viktim nan kan peyi LaTiki. Men lame peyi Tiki a te riposte, yo bonbade lame peyi Siryen an tou. Ministè Ladefans peyi Tiki konfime ke yo kraze yon elikopte pou peyi la Siri.

Gen pou pipiti 12 moun nan popilasyon sivil la ki pèdi lavi yo pandan dènye afwontman sa yo, se sa OSDH rapòte. E pifo ladan yo se timoun, san nou pa bliye ke gen pwèske 1 milyon moun ki oblije deplase tou depi batay yo komanse pou reprann kontwol zònn sa a.

Patrick N. Regis, pnregis@gmail.com

Leave A Reply