Eske Minis Edikasyon an, Pierre Josué Agénor Cadet wè reyalite peyi a byen menm jan ak lòt moun

0 377

Pòtopwens____(TRiboLAND) Divès moun nan popilasyon an ki tap tande plizyè entèvansyon diferan minis gouvènman de fakto Madi ki te 31 Mas 2020 estime se te yon show medyatik bò kote pouvwa anplas ki pwouve yon fwa ankò yo chanpyon nan demontre enkonpetans yo.

Pami tout entèvansyon komik sa yo, ta sanble se anons Minis Edikasyon Nasyonal la Pierre Josué Agénor Cadet ki te pi ridikil. Ansyen elèv Collège Notre Dame de Lourdes (CNDL) la ki te arive depi plis pase 40 lane, souflete pwòp pwofesè ki te rele Enock Telfort nan Pòtpè, ta sanble ke li pap gade sa tout moun ap gade lòske li te fè eta de difizyon kou akademik yo sou antènn medya Leta yo. Yon apwòch ki montre pouvwa ap kontinye viv nan iluzyon; yo ap kontanple bagay ki pa menm egziste nan anviwonman yo.

Minis lan pap viv nan reyalite de yon peyi ki fè anemi enfwastrikti teknolojik nan tout domènn pou nou pa menm di nan nivo edikasyon. Menm yon kaye nou pa ka bay yon elèv alewè pou ta arive ba li difizyon kou akademik sou swa dizan (yon radyo ak yon televizyon nasyonal) medya leta ki pa menm ekipe.

Sa yo pale ou anvi fè pa janm mache ak reyalite. Jan de pawòl depaman sa yo irite anpil moun kap mande kòman peyi a fè rive nan jwèt ti komik ki tou senpleman ap repete tèminoloji lòt gouvènman konn itilize san iluzyon.

Leave A Reply