Collège Notre Dame de Lourdes, nan pòdepè selebwe jounen Madi 11 Fev. 2020 sa a 63 lane egzitans li

0 513

Pòdpè___(TRiboLAND) Jan sa te anonse a, se jounen Madi 11 Fev. 2020 sa a, elèv Collège Notre Dame de Lourdes (CNDL), ki établi l nan Nòdwès, notàmman nan vil pòdpè , selebre Sen patwon yo, Notre Dame de Lourdes. Se yon fèt ki selebre nan divès kwen nan peyi Dayiti tankou nan legliz Katolik Kominn Chansolme ak kèk Seksyon Kominal depatman Nòdwès.

Nan okazyon an, yon gwo mès aksyon de Gras te rive chante nan katedral Pòdpè a, bò 9h maten Madi 11 Fev. 2020 sa a anprezans, paran, elèv kolèj la ki evalwe a plis 1600 konsa, Ansyen elèv zanmi, pwofesè , Ti pèsonèl ak pwèt dyosèzen k te soti nan pwèske l0 kominn depatman Nòdwès la.


Pwèt selebran an, Mgr Pierre Antoine Paulo, nan omeli sikonstans lan, te mete plis aksan sou edikasyon, yon zouti ki kapab kraze baryè sou devlopman. Pwela Nòdwès la, Mgr Pierre Antoine Paulo, rapousib pou di youn nan bagay ki lakoz van ensekirite, kidnapinn, delenkans jivenil ,kòripsyon, imoralité, enpinite ap vale teren nan peyi Dayiti se manke edikasyon paske djòb edikasyon, selon Mgr Paulo, se ede moun grenpe yon bawo ki pi wo nan echèl sosyete a. moun nan wo echèl anndan sosyete a.

Konsa, Mgr Paulo swete pou tout elèv Collège Notre Dame De Lourdes, youn nan Enstitisyon de Referans nan peyi Dayiti, ki se ledikasyon k pou gide yo jiskaske yo rive chanje, transfòme sosyete Ayisyènn nan .

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply