PM Joseph Jouthe promèt Konsèy Elektoral Provizwa konteste a bonjan soutyen ak grese sere

340

09\30\20

Petyonvil_____(TRiboLAND) Nan yon visit ke li rann nouvo Konsèy Elektoral Provizwa Jovenel Moise la, Premye Minis Joseph Jouthe eksprime solidarite ak soutyen li anvè nouvo manm KEP yo ki trè konteste.

Avèk yon ton detèmine ki pa nan kach kach, Jouthe montre yon lòt fwa ankò ke “ti mari pap moute, ti mari pap desann”. Konsa, yo pa antann fè bak nan sa ki konsène òganizasyon eleksyon dèmalòg la ki pa sispan leve plim sou do popilasyon ayisyèn nan.

PM Jouthe reyitere volonte gouvènman l’ap dirije a pou bay bonjan grese sere ak jarèt nan tout sa antite konteste a ap bezwen kòm resous ki pou fasilite li akonpli misyon li tèt frèt.

Nap raple, nouvo KEP la ke yon group moun rele “KEP Dèmalòg”, konsidere pou anpil lòt kòm yon “KEP Demagòg, kote ke jiska prezan konseye elektoral yo poko resevwa dlo beni devan Kou Kasasyon peyi a!

Comments are closed.