3 Jounen seyans fòmasyon pou pwofèsè “Institution Notre Dame du Perpétuel Secours” yo, rive nan bout yo.

463

05/03/2021


Pòdpè ______( TRiboLAND) Se sou tèm “Planification Pédagogique, Évaluation des apprentissages dans l’ Approche par Compétence”, responsab Institution Notre Dame du Perpétuel Secours, nan vil Pòdpè a, Sr Marie Chantal Charles, mete yon bout nan 3 jounen seyans fòmasyon l t ap òganize nan entansyon plis pase yon senkantèn pwofesè k ap travay nan nivo Fondamental ak Segondè anndan Enstitisyon saa nan jounen dimanch 2 me 2021.

Entèvenan an, pandan 3 jounen seyans fòmasyon sa yo se pwofesè Irvings Julien; li deklare youn nan objektif fòmasyon sila a, se rive ede ou akonpanye anseyan yo nan aktivite aprantisaj yo dwe fasilite lakay aprenan yo. Selon pwofèsè Julien, kèlkeswa chanjman ki genyen nan pwogràm etid oswa nan kourikouloum aprenan yo, depi anseyan yo pa genyen yon fòmasyon de kalite, chanjman sa yo p ap janm pote fwi lakay elèv yo.

Nan sa ki gen pou wè ak patisipasyon anseyan yo, Pwofesè Julien di li te vrèman etone devan motivasyon anseyan yo sitou nan aktivite prezantasyon leson yo paske djòb yo se goumen pou ansèyman pa rete sèlman anndan klas yo. Konsa, savledi ansèyman an dwe makònen ak reyalite elèv ayisyen yo. Se sa ki fè yo ensiste anpil pou yo travay sou kapasite anseyan yo pou yo kreye sitiyasyon e pwoblèm konkrè; savledi pou anseyan yo itilize materyèl didaktik konkrè k ap pèmèt timoun lekòl yo aprann pi byen diferan disiplin ou matyè ki ansenye nan nivo klas fondamantal yo.

Pou anseyan segondè yo, se toujou menm travay la; savledi fòmasyon an dwe santre sou konpetans ki dwe devlope lakay chak grenn aprenan. Pandan 3 jou seyans fòmasyon sa yo, entèvenan an te mete aksan anpil sou pètinans kou yo ki dwe makònen ak reyalite ayisyen an.

Patisipan pwofèsè yo, pa t kache satisfaksyon yo. Yo tout te swete wè fòmasyon yo kontinye après a.
Konsa, fòmasyon kontinye pral pèmèt yo gen zàm nan men yo pou yo fè ateri Apwòch Pa Konpetans (APK/APC) ki se sèl mwayen k ap pèmèt timoun lekòl nan peyi dayiti metrize aprantisaj yo.

Fòk nou di, tousuit aprè seri seyans fòmasyon sa yo, pwofesè a te evalwe patisipan yo. Chak patisipan te rantre lakay ak yon sètifika ki titre SUIVI/RÉUSSI. Pwofèsè a fini pou l di: “anndan edikasyon pa gen revolisyon, men se pito chanjman pwogresif”. Atant li, se retounen yon lòt fwa ankò nan Nòdwès pou l wè enplemantasyon total kapital yon parèy fòmasyon.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.