Enstabilite skolè : Ministè edikasyon nasyonal via direksyon depatmantal Grandans lan, lanse yon kanpay resansman.

1,229

03- 25-2023

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) nan kad chèche konnen vrè pwoblèm systèm edikasyon an ap fè fas nan nivo piblik kou prive a travè 14 komin depatman grandans lan, ministè a deklentche yon veritab resansman kòm yon premye etap nan kad detèmine vrè problèm edikasyon an.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENPF) apati direksyon depatmantal Grandans lan, lanse yon kanpay resansman, elèv yo, eta fizik lokal lekol prive yo kou piblik pou 14 komin nan depatman Grandans lan ak kantite anseyan ki pwezan nan sal klas yo fason pou leta kapab aji ankonesans kòz yo.

Direktè depatmantal lan, pwofesè Jean Marcel Jeanty ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, mande pou tout enspekté, direktè lekòl yo, biwo distri skolè (BDS) yo pote sipò teknik yo pou reysit travay resansman an.

Demaraj resansman an ap kòmanse lendi 27 mas 2023 a, e lap fini 27 avwil 2023. Pou plis enfomasyon kontakte sit ministè a MENFP.



Comments are closed.