Yon pwofesè Inivèsite Deta Ayisyen asasine anba bal bandi sangwen nan Pòtopwens

945

09-08-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ensekirite ki kontinye ap efondre peyi Dayiti a, fwape yon lòt fwa ankò pòt Inivèsite Deta Dayiti. Fortuna Solon, pwofesè fakilte syans nan Lekòl Nòmal Siperyè, mouri anba bal nèg ame kap simaye latèrè atravè yon seri krim san parèy.

Mesye Solon, ki se yon pwofesè konsonme, t’ap dispanse kou jewometrik nan depatman Matematik nan Lekòl Nòmal Siperyè, yon enstitisyon ki te deja viktim anba zak ensekirite yo nan kapital peyi a.

Asasinay Fortuna Solon, se yon gwo kou pou family inivèsitè peyi Dayiti a. Ke nanm li repoze nan lapè etènèl e ke li sèvi touman lakay sa yo ki retire lavi li.

Comments are closed.