Fòs sekirite fontalyè peyi Repiblik Dominikènn arete 17 ilegal Ayisyen

0 331

Sen Domeng__(TRiboLAND) CESFRONT ki se sistèm siveyans kap fouye nawè li nan sa ki gen pou wè avèk sekirite zònn fontalyè peyi repiblik dominikènn avèk repiblik Dayiti nonse ke yo pwosede ak arestasyon 17 sitwayen ayisyen ilegal nan yon operasyon ayè Vandredi a nan zònn Nòdwès kapital la, Sen Domeng.

Desann dèlye-a te arive fèt nan lanwit an kolaborasyon avèk sèvis entelijans peyi repiblik Dominikènn ki te jwenn backup divès antite a inite operasyonèl dwònn ki tap paweze e paralyze nèt al kole zònn otowout La Vigia, nan Dajabón.

Pami moun yo arete yo, genyen 13 gason, 3 fanm ak yon ti nosan. Fòs sekirite RD yo te eskòte moun sa yo nan Sèvis Imigrasyon (DGM) pou rekeyi enfòmasyon ki nesesè sou moun sa yo.

Leave A Reply