AJSO : Nòt solidarite ak denonsyasyon

851

Nòt solidarite ak denonsyasyon

Asosyasyon des journalistes Ouanaminthe (AJSO) Association Journalistes Solidaires de Ouanaminthe

Adresse: Rue Assomption. Ouanaminthe Haiti. 7 (509) 4040-1824 | 3276-3250

AJSO

Not Solidarite ak Denonsyasyon

Association des Journalistes Solidaires de Quanaminthe (AJSO), aprann ak anpil dlo nan je atak bandi ak zam fè sou jounalis Roberson Alphonse, epi asasina jounalis Garry TESS. AJSO pataje pen lan ak tout fanmiy, zanmi epi bon retablisman ak jounalis Roberson Alphonse pandan nou swete lajistis fè limyè blayi sou zak malonėt sila a.

Yon lòt bò, AJSO denonse ak tout fos nou: Presyon epi menas, entimidasyon plizyè moun ap fè sou kèk travayè Laprès nan Wanament. Nap site:

1. Jonas Revolus;
2. Jeffly Guerrier;
3. Jean Rony Augustin;
4. Widelin Giomètre:
5. Lesly Perisse;
6. Jackenson Accilien;
7. Kedesh Marseille.

Pou nou fini, Asosyasyon an ap pwofite enfòme popilasyon an, konpòtman ilegal sèten ajan PNH melanje ak Patwon kèk antrepriz nan Wanament pou anpeche yo fè travay yo, sitou lè yap kouvri manifestasyon. AJSO ap raple tout endividi ki gen move entansyon sila yo, dwa konstitisyon 1987 la ba yo: «Atik 28-1: Jounalis fèt pou yo fè travay yo lib, selon lalwa. Nan travay jounalis yo, yo pa gen okenn pèmisyon pou yo mande, ni leta pa gen dwa kontwole sa y ap di, sof si lagè deklare, nan peyi a. >>

Yon lòt fwa ankò, AJSO pote solidarite I ak konfrè epi manb li yo, pandan I ankouraje yo fè travay yo ak tout profesyonalis yo.

Sekretarya AJSO

Comments are closed.