Repiblik Dominikènn: kantite moun ki mouri nan “clerén“ pwazon pase de 155 jiska 239

0 349

Sen Domeng____(TRiboLAND) Peyi Repiblik Dominikènn ap viv yon evènman ki pran yon dimansyon san parèy e ki deja pran lavi 155 moun ki tap bwè bwason alkòl ki ilegal ke yo rele clerén oswa “klèje”.

Menm jan an tou, kantite moun ki afekte ak alkòl anpwazone ki te kòmanse enskri nan kòmansman mwa avril la te 239 moun ki soti nan fanmiy saj e respektab.

Enfòmasyon sa yo soti yè bò kote Doktè Rafael Sánchez Cárdenas, Alatèt Ministè Sante a, ki konfime ke 80 lòt moun ki anpwazone ke yon genyen yo prezante menm koz entoksikasyon clerén an.

Pami 155 moun ki mouri yo, 54 nan yo se gason ki gen laj ant 40 ak 49 ane. Menm jan an tou, 44 nan yo se gason ki gen laj ant 50 ak 59 lane, dapwè done ofisyèl ki soti nan Sistèm Nasyonal Siveyans Epidemyoloji.

Nan sans sa a, Minis Sánchez Cárdenas di ke operasyon yo ap kontinye avèk Direksyon Jeneral Medikaman, Manje ak Pwodwi Sante, nan tèt kole  avèk Biwo Pwokirè a ak Polis Nasyonal la nan rechèche jwenn laboratwa klandesten ki kontinye opere nan peyi a, malgre pèsekisyon.

Leave A Reply