Me idantite kèk tranfikan zàm ki arive soumèt bay otorite yo

288

09\18\2020

Sen Mak_____(TRiboLAND) Malerezman se Pò Sen Mak la anpil tranfikan zàm profite itilize pi plis pou mete dlo nan je popilasyon an ak proliferasyon gang ame ki pa sispan efondre peyi a.

Konsa, aprè plizyè fouy ak poze sele sou kontenè ak machen ki te chaje ak zàm ak munisyon, otorite ladwann yo nan Sen Mak soumèt yon lis malonèt trafikan zàm bay otorite konsène yo pou swit nesesè:

  1. Johnny R. Hypolite ki abite nan West Palm Beach Florida, Etazini voye zàm ak muninisyon nan yon machenn Suzuki lane 2000 bay Nathalie Ostin kap viv nan peyi Dayiti.
  2. Louidor Blaise kap viv nan Boynton Beach Florid, Etazini voye yon bon vale zàm ale nan yon Machen Nissan Xterra lane 2000 bay yon malfektè ki rele Rolex Pierre kap viv nan peyi Dayiti.
  1. Raymond Joseph kap viv nan Fort Lauderdale, Florid, Etazini voye zàm ak munisyon nan yon Toyota RAV4 lane 2002 bay Alourdes Nordélus kap viv nan peyi Dayiti.
  2.  Joel Yves Edouard Lapaix kap viv nan West Palm Beach, Florid, Etazini voye yon krèy zàm ak munisyon abò yon Machen mak Suzuki Grand Vitara ane 2007 bay 2 reselè ki rele Héros Métélus ak Evans Moreau kap viv nan peyi Dayiti.
  3. Jean Eddy Simon kap viv nan Fort Myers, Florid, Etazini voye yon katafal zàm ak munisyon abò yon Toyota 4Runner ane 1986 bay Franky Louissaint kap viv nan peyi Dayiti.
  4. Yo lòt abolotcho ki rele Destiné Gerda kap viv Delray Beach, Florid, Etazini ekspedye yon bon valè zàm ak katouch nan yon Nissan-Infiniti ane 2001 bay Mesner Pierre Louis ka viv nan peyi Dayiti.

Anpil moun swete wè lis trafikan zàm sa yo deyo tanzantan pou tout zòn ou fontyè e ki enplike egalman gro pwason yo ki toujou nan konfyolo ak Leta a.

Comments are closed.