Yon avyon ki te chaje avèk dròg kraze nan zòn sidwès repiblik dominikèn: yon moun mouri

235

12/21/20

Sen Domeng_____(TriboLAND) Yon ti avyon ki te chaje kouletba ak dròg, e ki soti nan Amerik Sid la, kraze byen bonè maten lendi 21 desanm 2020 an nan Oviedo, Pedernales nan zòn sidwès repiblik dominikèn e okazyone yon moun arive mouri.

Daprè kèk sous envèstigasyon, National Drug Control Directorate (DNCD), yo dekouvri plizyè blòk ki ta kokayinn e arete 3 lòt moun ki ta nan konfyolo ak dwòg la.

Antouka otorite DNCD yo sou sèn aksidan an kote ke yo ap rete tann rapò konplè envestigasyon ministè lajisti la yon fason pou koutinye elaji kad operasyon reselè yo.

foto: el nuevo diario

Comments are closed.